top of page

Manb fondatè SRDMH

 

Lide pou fè rechèch ak difizyon mizik klasik ayisyen, epi  montre patrimwan etnomizikal ayisyen an se yon lide ki pran nesans nan lane 1975. Li te sòti nan vizyon :

 

  • Claude Dauphin, mizikològ

  • Robert Durand, konpozitè

  • Frank Fouché, dramatij

 

Vizyon sa a te konkretize jou ki te 5 jiyè 1977 gras a fondasyon sosyete rechèch ak difizyon mizik ayisyen (SRDMH) epi patisipasyon kèk konpozitè tankou Carmen Brouard, Édouard Woolley, Paul Serres, Joseph Augustin, Pierre St-Amand ak Willy Apollon.

 

Premye konsèy administrasyon an te genyen ladan l’ Carmen Brouard, Claude Dauphin, Jacqueline Fouché ak Édouard Rousseau.

bottom of page