top of page

Ki sa SRDMH la ye ?

 

Sosyetè rechèch ak difizyon mizik ayisyen an se yon òganizasyon ki pa enterese nan tire pwofi ak benefis. Li te fonde Monreyal nan lane 1977 e li anregistre devan gouvènman Kebèk depi mas 1979.

 

Misyon l’ se fè pwomosyon mizik klasik, konpozitè, entèprèt ayisyen ak karayibeyen.

 

SRDMH pwodi konsè mizik klasik konpozitè ak entèprèt ayisyen, karayibeyen e latriye. Epi tou li jere sant dokimantasyon ki anglobe tout kategori mizik ayisyen ak antiyè.

 

SRDMH pwodi nan kad objèktif edikatif ak kiltirèl li, konsè mizik klasik ki gen pou otè , konpozitè ayisyen, karayibeyen elatriye, e ki  jwenn enspirasyon yo nan rejyon kiltirèl sa a . Li pwograme konsè mizik klasik inivèsèl ki rantre nan repètwa yon entèprèt ayisyen oubyen ki pèmèt mounn konprann evolisyon mizik ayisyen an pi byen. Konsè sa yo reyalize ak patisipasyon entèprèt ayisyen e latriye chak fwa kolaborasyon an pèmèt yon pi gran difizyon zèv nan repetwa a.
 

SRDMH gen manda pou l’ devlope yon sant dokimantasyon ki anglobe tout kategori mizik ayisyen ak antiyè. Se konsa li rive mete sou pye yon kolèksyon ki rasanble pi rich varyete patisyon, monografi ak band sono ke nou janm genyen pou jis jodi. Fon achiv sa a pèmèt SRDMH reyalize konsè, ouvri pòt li bay chèchè epi soutni edikasyon mizikal an Ayiti. Gras a aksyon sa a New Grove Dictionary of Music and Musicians  (éd. 2001) rekonèt dorenavan ekzistans yon mizik klasik ayisyen nan yon atik ki rele « Haiti : art music » , ki soti anba plim Robert Grenier . Diksyonè ansiklopedik sou mizik ak mizisyen sa a selèb anpil.

bottom of page