top of page

Sant dokimantasyon

SRDMH gen manda pou l’ devlope yon sant dokimantasyon ki anglobe tout kategori mizik ayisyen ak antiye. Se konsa li rive mete sou pye yon Kolèksyon ki rasanble pi rich varyete patisyon, monografi ak band sono ke nou janm genyen, ki konte plis pase 5000. Anpil nan tit sa yo se patisyon mizik klasik peyi Dayiti ak kiba. Se laboratwa rechèch sou mizik du monde ki konsève tout kolèksyon an depi  oktòb  2012.

SRDMH kole zepòl  ak Claude Dauphin, ak LRMM nan jefò san kanpe pou mete kolèksyon an sou fòm nimerik.

 

Patisyon, tèks, foto, ak anrejistreman kolèksyon an soti nan pwòp aktivite SRDMH depi lane 1977 ak don patikilye an Ayiti ou nan lòt  peyi.

 

Non sèlman SRDMH konsève tit sa yo, li pèmet moun konsilte yo sou plas e li fè Kopi patisyon pou difize mizik ayisyen nan kad misyon l’. Lajan li reklame pou kòmand yo pèmèt li kouvri depans pwodiksyon kopi, mendèv ak ekspedisyon. SRDMH se yon asosyasyon ki pa enterese nan aktivite pou fè benefis.

 

Adrès postal LRMM (si w’ vle adrès konplèt, klike sou onglè sa a) :

 

LRMM
Pavillon de la Faculté de musique
Université de Montréal
C.P. 6128, succursale Centre-ville
Montréal (Québec) H3C 3J7

 

Tel. +1 (514) 343-6921

bottom of page